Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 18:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Mwen pran Senyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pat jwenn ou.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 18:10
20 Referans Kwoze  

Wa a te sèmante. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub,


Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”


Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”


Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an.


“Leve ale Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”


Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!”’


Élie te di: “Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.”


Li te di: “Ki peche mwen te fè ke ou ta vin mete sèvitè ou nan men Achab pou l mete m a lanmò?


Koulye a, pou sa, jan SENYÈ a viv la, ki te etabli mwen, e ki te fè m chita sou twòn a David, papa m nan, ki te fè pou mwen yon kay, jan Li te pwomèt mwen an, anverite Adonija ap mete a lanmò jodi a.”


Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”


Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.


Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.


Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.


Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”


Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


Konsa, gade e aprann tout kote l kache kò l, retounen kote mwen avèk asirans e m ap prale avè w. Epi si li nan peyi a, mwen va chache mete l deyò pami tout milye Juda yo.”


Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite