Jeremi 23:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo: “Gade byen, Mwen ap bay yo manje bwa lanmè e fè yo bwè dlo anpwazone; paske soti nan pwofèt Jérusalem yo, tout kalite pouriti gaye nan tout peyi a.” 1998 Haïtienne Se poutèt sa, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: — Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal. |
Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!
“Poukisa nou chita an plas? Rasanble nou! Annou antre nan vil fòtifye yo, epi la, annou rete an silans; paske SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou tonbe an silans. Li te bannou dlo anpwazone pou nou bwè, paske nou te peche kont SENYÈ a.
Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.
“Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire pwofèt yo ak lespri pa pwòp la soti nan peyi a.
pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa.
Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.