Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 3:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an; dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Lè m chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 3:19
9 Referans Kwoze  

Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.


Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò.


Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,


Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!


Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo, jan mwen pote nan lestonmak mwen, repwòch a tout nasyon pwisant yo,


“Poukisa nou chita an plas? Rasanble nou! Annou antre nan vil fòtifye yo, epi la, annou rete an silans; paske SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou tonbe an silans. Li te bannou dlo anpwazone pou nou bwè, paske nou te peche kont SENYÈ a.


Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.


Li te plen mwen ak anmetim. Li te fè m sou ak dlo absent.


Li te jennen mwen e te antoure m ak ametim ak difikilte.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite