Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 8:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “Poukisa nou chita an plas? Rasanble nou! Annou antre nan vil fòtifye yo, epi la, annou rete an silans; paske SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou tonbe an silans. Li te bannou dlo anpwazone pou nou bwè, paske nou te peche kont SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Pèp la menm ap di: — Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Senyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n mouri. Li ban nou pwazon pou n bwè, paske nou antò devan li.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 8:14
23 Referans Kwoze  

Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo: “Gade byen, Mwen ap bay yo manje bwa lanmè e fè yo bwè dlo anpwazone; paske soti nan pwofèt Jérusalem yo, tout kalite pouriti gaye nan tout peyi a.”


Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.


Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an; dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.


Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”


yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l.


Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.


Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”


pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa.


Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”


Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”


Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”


Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.


Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans. Mwen te evite menm sa ki ta kab bon. Konsa, tristès mwen te vin pi mal.


Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome, ak chan yo nan Gomorrhe. Rezen pa yo se rezen pwazon. Grap yo anmè.


Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.


Chita an silans e antre nan fènwa a, O fi a Kaldeyen yo, paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.


Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.


Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.


men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite