Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.
Jeremi 23:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a. 1998 Haïtienne Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m mete sou kont yo a. Se Senyè a menm ki di sa. |
Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.
Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo. Yo te foule chan Mwen an anba pye; yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.
Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
Tankou vòlè vin wont lè l vin dekouvri, se konsa lakay Israël vin wont— wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!
Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.
Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo, ak moun ki renmen ou yo, y ap wale an kaptivite. Konsa, ou va anverite wont e imilye akoz tout mechanste ou yo.
Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a.
Pèp Mwen an gen tan vin mouton ki pèdi. Bèje yo te egare yo. Yo te fè yo vire akote mòn yo. Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin, e yo te bliye plas repo yo.
Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen.
Akoz nou pouse ak bò kote e ak zepòl la, e lanse kòn sou tout sila ki fèb yo, jiskaske nou fin gaye yo a letranje,
Pou nou menm, mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”
Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
Kòlè Mwen limen kont bèje yo. Mwen va pini mal kabrit yo, paske SENYÈ dèzame yo te vizite bann mouton li an lakay Juda, e Li va fè yo vin tankou cheval majeste Li nan batay la.
Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.
“Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi. “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
“Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo.