Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 10:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Tout sa yo ki te vini avan M se vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Tout moun ki te vin anvan m yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pat koute yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo.

Gade chapit la Kopi




Jan 10:8
11 Referans Kwoze  

“Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a.


“Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an?


Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.


Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.


Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan.


“Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen.


Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.


Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite