Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 22:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Konsa pale SENYÈ a: “Mete nonm sa a nan lis kon ‘san pitit’, yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo. Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi, ni k ap chita sou twòn David la, ni gouvène ankò nan Juda.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Nonm sa a kondannen pou l pèdi tout pitit li yo, pou l pa janm wè zafè l mache. P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou rive chita sou fòtèy wa David la, ki pou rive chèf nan peyi Jida a ankò.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 22:30
11 Referans Kwoze  

Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a, ni okenn moun ki rete kote li te demere.


Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou? Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?


Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.


Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”


Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo.


Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”


‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.


Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite