e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
Jeremi 22:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’” 1998 Haïtienne Men, si nou pa koute m', mwen sèmante, palè sa a gen pou li kraze. Se mwen menm Senyè a ki di sa. |
e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
“Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo,
Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a?
Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”
men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
“Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.
Men si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”
Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an,
Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo.
“Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nome ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.”
Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”
Konsa, akoz nou menm, Sion va vin raboure tankou yon chan, e Jérusalem va vin yon pil mazi, e mòn tanp lan va devni tankou wo plas yo nan forè a.
Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?
Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li.
Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman.