Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 26:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Konsa, w'a di yo: Men mesay Senyè a bay: Koute m, swiv lòd mwen mete devan nou.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 26:4
22 Referans Kwoze  

Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,


men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”


Men si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”


Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”


Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.


Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’


Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a.


Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.


Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a.


Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an.


Alò, sa se lalwa ke Moïse te mete devan fis Israël yo;


Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?


Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite