Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte.
Jeremi 22:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Malè a sila ki bati kay li san ladwati, chanm anlè yo san jistis, ki itilize sèvis vwazen li san peye e ki pa bay li salè li, 1998 Haïtienne Madichon pou moun k'ap bati gwo kay ak lajan lenjistis, k'ap mete etaj sou etaj sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay pou granmesi, yo pa peye yo lajan yo dwe yo. |
Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte.
Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a.
Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li. Ni rele ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’ “Yo p ap fè gwo kri pou li. Ni ‘Anmwey, mèt mwen!’ Ni ‘Anmwey, pou grand pwisans li!’
“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.