Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 22:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Ki di: “Mwen va bati pou mwen menm yon kay ak anpil espas, ak gwo chanm anlè. Mwen va koupe fenèt li yo, ba li panno bwa sèd e pentire l an koulè wouj.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Madichon pou moun k'ap plede di: Mwen pral bati yon gwo kay etaj ak pyès byen laj. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bon bwa sèd wouj tire sou vèt.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 22:14
13 Referans Kwoze  

ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”


Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta?


Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”


Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”


Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:


Pilye kay nou se bwa sèd e travès yo se bwa pen.


Prepare tout travay ou a deyò; byen prepare chan ou. Apre, alò, bati kay ou.


Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli; sila ki awogan an, chache gwo dega.


Li te kouvri gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn.


“Konsa, li te fè pwostitiye li a vin pi gwo. Epi li te wè pòtre gason yo sou miray la, imaj a Kaldeyen yo fèt an penti wouj,


Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite