Nan jou pa li yo, Hiel, moun Béthel la te bati Jéricho. Li te poze fondasyon li yo avèk pèt Abiram, premye ne li a e li te monte pòtay li yo avèk pèt a pi piti fis li a, Segub, selon pawòl SENYÈ a te pale pa Josué, fis a Nun nan.
“Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”
Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: “Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”