Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an: “Li te meprize ou e moke ou, Fi vyèj a Sion an. Li te souke tèt li dèyè do ou, Fi a Jérusalem nan!
Jeremi 14:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav. 1998 Haïtienne Men sa w'a di yo ankò: — Se pou je m koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri. |
Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an: “Li te meprize ou e moke ou, Fi vyèj a Sion an. Li te souke tèt li dèyè do ou, Fi a Jérusalem nan!
Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE
men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w!
Malè a mwen, akoz blesi m nan! Blesi m nan byen grav. Men mwen te di: “Anverite, sa se gwo doulè m; fòk mwen pote l.”
Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
Akoz sa a, pale SENYÈ a: “Mande, koulye a, pami nasyon yo; se kilès ki konn tande yon koze konsa? Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.
Akoz fi a pèp mwen an brize, mwen menm brize tou; mwen fè dèy konsi pou yon mò. Mwen kraze ba nèt.
O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!
Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou, pou zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka fè dlo kouri desann.
Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?
Kè yo te kriye fò a Senyè a. O miray a fi Sion an, kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit. Pa aksepte okenn soulajman; 'Pa kite zye ou pran repo.
Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.
Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav. Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.