Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 2:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Kè yo te kriye fò a Senyè a. O miray a fi Sion an, kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit. Pa aksepte okenn soulajman; 'Pa kite zye ou pran repo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Jerizalèm, ou mèt kite miray ou yo rele nan pye Senyè a. Kite dlo koule nan je ou tankou larivyè, lajounen kou lannwit! Pa pran kanpo menm! Pa kite dlo nan je ou cheche!

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 2:18
14 Referans Kwoze  

Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE


Mwen te kriye ak tout kè mwen. Reponn mwen, O SENYÈ! Mwen va swiv tout règleman Ou yo.


Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.


“Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.


Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Pou bagay sa yo, mwen ap kriye. Zye m koule ak dlo. Konsolatè kap refreshi nanm mwen lwen m, Nanpwen okenn ki ta ka konsole mwen, okenn ki ta ka restore nanm mwen. Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.


Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.


SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an. Li te lonje yon lign. Li pa t ralanti men l nan destriksyon. Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès; y ap kriye ansanm.


Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.


Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite