Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 13:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Koute e prete atansyon ak sa. Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nou menm pèp Izrayèl, Senyè a ap pale, louvri zòrèy nou pou nou tande! Pa fè gwo kòlèt!

Gade chapit la



Jeremi 13:15
11 Referans Kwoze  

Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a; anverite, li p ap chape anba pinisyon.


Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.


Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a? Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.


Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladan; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”


Koute sa ansyen nou yo, koute sa, tout abitan peyi a! Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo, oswa nan jou a papa zansèt nou yo?


Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’


Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo”.