Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo,
Jeremi 12:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo. 1998 Haïtienne Senyè a di ankò: — Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo. |
Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo,
Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob, akoz yo plen ak jan de panse yo ki sòti nan lès; akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason, epi chè sen an fin kite ou? Lè ou te fè mal sa a, konsa, ou te rejwi.”
Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!
Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.
Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”
“Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou pou di: ‘Se kilès ki pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ “Mwen va retire jete nou” deklare SENYÈ a’.
Akoz sa, gade byen, Mwen va, anverite, bliye nou e jete nou lwen prezans Mwen, ansanm ak vil ke M te bannou ak papa zansèt nou yo.
Paske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye li, SENYÈ dèzame yo; sepandan, peyi yo plen koupabilite devan Sila Ki Sen an Israël la.
Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.
Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.
Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.
Tout mechanste yo se nan Guilgal; Anverite se la Mwen te rayi yo! Akoz mechanste a zak yo, Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. Mwen p ap renmen yo ankò; tout prens yo se rebèl.
Mwen va rasanble tout nasyon yo pou mennen yo desann nan vale Josaphat la. Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël, ke yo te gaye pami nasyon yo. Yo te divize tè Mwen an,
Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.
A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”