Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
Jeremi 11:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. 1998 Haïtienne Enben, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: M pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou. |
Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va limen yon dife nan forè li ki va devore tout ozanviwon li.’”
Epi Mwen va pini sila ki rete an peyi Égypte, kon mwen te pini Jérusalem, ak nepe a, ak grangou, ak bèt ki ravaje chan e ak epidemi.
Konsa, jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ dèzame yo.
Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.
Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.
“Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan ou monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.