Amòs 4:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan ou monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a. Gade chapit la1998 Haïtienne10 Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa. Gade chapit la |