“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.
Jeremi 1:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a. 1998 Haïtienne Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m delivre ou. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa. |
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.
Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.
Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di, “Annou detwi bwa a ak fwi li. Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo, pou non li pa sonje ankò.”
Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”—
Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”
Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: “Fòk ou mouri!
Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo.
Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l.
O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!”
Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”
“Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”