Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 30:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Senyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 30:11
29 Referans Kwoze  

Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.


Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt.


Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.


Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”


Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.


paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.”


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz. Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.


“Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt.


“Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.


O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.


“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.


Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?”


Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.


Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kase akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.


Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm.


Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, paske mizerikòd Li p ap janm manke.


“‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo.


Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen; Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; Sila Ki Sen nan mitan nou an e Mwen p ap antre nan kòlè.


ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”


“Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.”’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite