Jenèz 6:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 1998 Haïtienne Senyè a wè jan lèzòm t'ap vin pi mechan chak jou toupatou sou latè, kijan tout lasentjounen se move lide ase ki nan tèt yo. |
SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo, pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.
Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.
Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.
Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?
Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’”
“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’
Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.