18 Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,
18 se moun k'ap kouve lide mechanste nan tèt yo, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal,
Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
Paske pye yo kouri jwenn mal, e yo fè vit pou yo vèse san.
Plan mechan yo abominab a SENYÈ a; men pawòl agreyab yo san tach.
paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite.
Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè.
Pye pa yo kouri vè mal, e yo fè vit pou vèse san inosan an. Panse pa yo se panse inikite, e destriksyon ak dega sou chemen yo.
Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.
Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
pye yo kouri rapid pou fè san koule.