Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase.
Jenèz 6:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache. 1998 Haïtienne Bondye gade latè, li wè l te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti. |
Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase.
Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.
Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun.
Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo.
Li va chante devan lèzòm. Li va di: “Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat, e li pa t bon pou mwen.
epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a,