Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 6:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men, Noye te fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 6:8
23 Referans Kwoze  

Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri.


Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.


Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye.


Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.


Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun


Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.


Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.


SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi


Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite.


David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite.


Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.


epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a,


Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.


Konsa pale SENYÈ a: “Pèp ki te chape de nepe a, te jwenn gras nan dezè a— Israël la menm, lè M te bay li repo li.”


Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.


Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan


Men si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò.


Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.


“Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo.


“Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo.


Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.


Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwop nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite