Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Senyè a di Noye: — Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv kounye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 7:1
26 Referans Kwoze  

“Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.


Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.


O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,


Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.


Anplis, mwen te san fot devan L. Mwen te rete lib de inikite mwen.


Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.


Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou.


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwop nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.


Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.


Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


“Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo.


Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite