Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jenèz 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre nesans Sèt, Adan viv wisanzan (800 an) ankò. Li te vin gen lòt pitit gason ak lòt pitit fi ankò.

Gade chapit la



Jenèz 5:4
17 Referans Kwoze  

Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.


Arpacschad te viv trant-senk ane, lè l te vin papa a Schélach.


Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.


Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.


Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.


Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.


Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.


Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth.


Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.


Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.


Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi.


Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.


Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”


Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.


Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.