Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 1:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 1:28
28 Referans Kwoze  

Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”


Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”


“Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.


Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”


SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”


Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”


Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.


Li te kreye yo mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.


Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi,


Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.


Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.


Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”


Ammiel, sizyèm nan, Issacar, setyèm nan, Peulthaï, uityèm nan; paske Bondye te vrèman beni li.


Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.” Epi Bondye te bay li sa li te mande a.


Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li, e kite l responsab travay ou?


SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.


Anplis, Li beni yo! Yo miltipliye anpil, e li pa kite bèt chan pa yo bese.


Syèl yo se Syèl SENYÈ a, Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.


Kite syèl la avèk tè a louwe Li, lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.


Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:


Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,


Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a, Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la; Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid, men te fòme l pou moun ka viv ladann di: “Mwen se SENYÈ a. Nanpwen lòt.


“Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi. Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou.


moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite