Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, pou nou kapab viv, e pa mouri.”
Jenèz 43:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje. 1998 Haïtienne Si ou vle kite ti frè nou an vin ak nou, nou val achte manje pou ou. |
Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, pou nou kapab viv, e pa mouri.”
Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”
Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”
Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’