Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 43:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Si ou pa vle kite l ale, n'ap rete, paske mesye a te tou di nou: piga nou parèt devan l ankò si nou pa vin ak ti frè nou an.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 43:5
10 Referans Kwoze  

Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.


Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’


Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”


Men mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.


Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’


Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje.


Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”


“Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’


Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la!


Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite