Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 42:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, pou nou kapab viv, e pa mouri.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 42:2
11 Referans Kwoze  

Alò, dis frè Joseph yo te desann pou achte sereyal an Égypte.


Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”


Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje.


Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo.


“Fè vit, monte vè papa m pou di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.”


Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.


Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,


pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.


Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”


Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.


Men lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite