Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo.
Jenèz 17:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “ “Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou. 1998 Haïtienne Depi kounyeya, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m. |
Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo.
Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse pou yon santèn prepuce moun ki sòti nan Filisten yo.”
“Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li.
Konsa, Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.”
Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo.
Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.