Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse pou yon santèn prepuce moun ki sòti nan Filisten yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Apre sa, David voye kèk mesaje bò kote Ichbochèt pou di li: — Renmèt mwen Mikal, madanm mwen. Mwen te bay san po ti kòk moun Filisti pou m te ka marye avè l.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 3:14
7 Referans Kwoze  

Isch-Boscheth, fis a Saül la te gen karant ane lè l te devni wa sou Israël, e li te wa pandan dezan. Men, lakay Juda te swiv David.


Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la.


Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.


Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an.


Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo.


David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, David te mennen prepuce pa yo e yo te bay yo an tout a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li.


Alò, Saül te deja bay fi li, Mical, madanm a David, a Palti, fis a Laïsch ki te sòti Gallim.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite