Egzòd 12:48 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen48 “Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li. Gade chapit la1998 Haïtienne48 Si gen moun lòt nasyon nan peyi a ki vle nan fèt la, se pou li sikonsi tout gason lakay li nèt epi, apre sa, l'a gendwa vanse pou li patisipe. Yo va konsidere li pou moun natif-natal pèp Izrayèl la. Pyès gason ki pa sikonsi pa gendwa patisipe nan manje fèt la. Gade chapit la |
“Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M.