Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jenèz 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Abram di ankò: — Gade! Ou pa ban m pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m.

Gade chapit la



Jenèz 15:3
10 Referans Kwoze  

Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.


“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.


Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan.


Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”


Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.


Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a, nan lafen, twouve yon fis.


anba yon fanm neglije lè l jwenn mari, ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.


Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo.


Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?