Jenèz 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la. 1998 Haïtienne Apre gwo inondasyon an, pitit Noye yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè. |
Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.
Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.
Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”