Jan 8:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di ‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’” 1998 Haïtienne Jwif yo yonn di lòt: — Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l prale a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?” |
Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.
Kite lèv ki manti yo sispann, sila yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.
E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo?
Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”
Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’
Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.