Bib sou entènèt

- Piblisite -

Sòm 123 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!

2 Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.

3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras, paske nou ranpli ak mepriz.

4 Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo, avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite