Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”
Jan 7:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?” 1998 Haïtienne Jwif yo pa te manke sezi. Yo t'ap di: — Ki kote nonm sa a aprann tout bagay sa yo? Epoutan li pa fè gwo etid. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!” |
Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”
Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?
Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.
Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”
E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”
Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.
Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”