Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 10:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Tout moun ki te konnen l anvan sa wè li t'ap danse, li t'ap bay mesay ansanm ak pwofèt yo. Yonn t'ap di lòt: — Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil genlè pwofèt tou?

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 10:11
10 Referans Kwoze  

Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans.


Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’


Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”


Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”


Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: “Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite