Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
Jan 1:48 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.” 1998 Haïtienne Natanayèl mande li: — Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: — Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?” Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.” |
Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
Philippe ak Barthélèmy; Thomas ak Matthieu ki te kolektè kontribisyon an, Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée;
“Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.
Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”
Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.
Jésus te leve zye Li, e lè L wè yon gran foul ki t ap pwoche Li, te di a Philippe: “Kibò n ap achte pen pou sila yo kapab manje.”
Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”
Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.
Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.