“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
Jan 1:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 1998 Haïtienne Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. |
“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.
Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.
Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.