“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
Jan 1:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 1998 Haïtienne Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. |
“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.
Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’”
Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.”