Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jak 5:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Richès nou yo pouri, vèmin fin manje rad nou yo.

Gade chapit la



Jak 5:2
10 Referans Kwoze  

pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”


Avèk repwòch, Ou fè chatiman a yon nonm pou inikite li. Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere pi chè pou li menm nan. Anverite, tout moun se sèlman yon souf.


Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; se kilès ki kondane Mwen? Gade byen, yo tout va vin vye; epwize tankou yon vètman. Mit papiyon twal yo va manje yo.


Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, e mit va manje yo tankou len. Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”


Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.


Akoz sa, mwen vin tankou yon papiyon twal pou Éphraïm e tankou pouriti pou lakay Juda.


“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.


Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal,


pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou