Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 39:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman a yon nonm pou inikite li. Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere pi chè pou li menm nan. Anverite, tout moun se sèlman yon souf.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 (12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.

Gade chapit la Kopi




Sòm 39:11
14 Referans Kwoze  

pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”


Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; se kilès ki kondane Mwen? Gade byen, yo tout va vin vye; epwize tankou yon vètman. Mit papiyon twal yo va manje yo.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo, e Li fwete tout fis ke L resevwa.”


nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.


Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.


Akoz sa, mwen vin tankou yon papiyon twal pou Éphraïm e tankou pouriti pou lakay Juda.


Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.


Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, ki gen pousyè kon fondasyon, ki vin kraze devan papiyon!


Kite Li retire baton Li sou mwen, e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite