Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lò nou ak lajan nou fin wouye. Lawouy pral kanpe pou akize nou, li va devore nou tankou dife. Nou fè kont move lajan nou nan dènye tan sa yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Lajan ak lò nou yo fin wouye. Epi se lawouy sa a ki pral temwanye kont nou. Li pral devore kò nou menm jan ak yon dife. N ap ranmase richès, poutan lemonn pral fin i!

Gade chapit la Kopi




Jak 5:3
19 Referans Kwoze  

Laban te di: “Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed,


Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal.


Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou nan jou k ap vini yo.


Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen. Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen. Li fè temwayaj devan figi mwen.


Alò, li va vin rive nan dènye jou yo, ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. Li va leve pi wo pase kolin yo, e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.


Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’


k ap anplismanje chè pèp Mwen an, chire po yo sou yo, kraze zo yo e koupe yo an mòso, tankou se pou mete nan chodyè, tankou vyann nan bonm nan.


Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo va kouri kon dlo pou rive kote l.


‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète:


Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.”


Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo,


Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.


Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite