Jak 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl. 1998 Haïtienne Men, pou lang lan menm, pèsonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men lang lan sovaj, pèsòn pa ka fè l obeyi! Li yon move bagay li ye, li plen ak yon pwazon ki bay lanmò. |
Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.
Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. Nepe yo nan lèv yo, paske yo di: “Kilès ki tande”?
Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon, e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
Gòj pa yo se yon tonm tou louvri. Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan.
Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.