Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati yon kay pou non Mwen, ou te fè byen, paske se te nan kè ou.
Jak 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen. 1998 Haïtienne Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Bib la di: “Renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen. |
Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati yon kay pou non Mwen, ou te fè byen, paske se te nan kè ou.
Men konsa, yo te pale youn ak lòt: “Nou pa fè byen. Jou sa a se yon jou bòn nouvèl, men nou rete an silans. Si nou tann jis rive maten an, pinisyon va vin rive sou nou. Alò, pou sa, annou ale pale moun lakay wa a.”
“‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?” Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”
Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.
Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.
Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.