Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jak 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Frè mwen yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun k'ap pale frè li mal, osinon k'ap jije frè li mal, se lalwa l'ap pale mal, se lalwa l'ap jije. Si w'ap kesyonnen lalwa, ou pa moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa.

Gade chapit la Kopi




Jak 4:11
24 Referans Kwoze  

Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang


Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo.


Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.


“Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.


Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.


Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.


san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon,


Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.


Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”.


Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.


Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.


Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon


Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.


Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.


Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.


Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo.


Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite