Jak 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon? 1998 Haïtienne eske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan? |
Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
“Akoz sa Mwen te fè nou vin meprizab tou, e vin imilye devan tout pèp la, akoz nou pa t gade chemen Mwen yo, men nou te nan patipri nan lalwa a.
Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.
Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.