Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Filemon 1:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m bezwen fè ou chonje jan ou dwe m lavi.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w.

Gade chapit la



Filemon 1:19
14 Referans Kwoze  

Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan.


Mwen menm, Tertius k ap ekri lèt sa a, salye nou nan Senyè a.


Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la.


Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan!


Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun.


Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje.


Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis.


Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou avèk pwòp men mwen.


A Timothée, vrè pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.


a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.


Men si, nan nenpòt jan li te fè ou tò, oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen.